Swen sante pouvwa fè pitit

Swen Sante Pouvwa Fè Pitit | NYC Health + Hospitals

Sante Adolesan Jenn Granmoun Gadyen

Fanm tout la, kapab jwenn swen sante pou pouvwa fè pitit nan NYC Health + Hospitals. Sèvis yo se tès gwosès ak metòd kontwòl pouvwa fè pitit, ansanm ak konprime. Fanm ki pase nan NYC Health + Hospitals yo kapab jwenn konsèy tou.

  • Yo bay tout fanm swen, san yo pa gade sou si ou kapab peye
  • Sèvis matènite ak akouchman yo epi swen aprè gwosè lè w fin akouche yo gen ladan
  • NYC Health + Hospitals kapab ede ou jwenn yon asirans si ou bezwen
  • Yo kenbe enfòmasyon sou estati imigrasyon ou sekrè
  • Genyen sèvis tradiktè ak sèvis entèprèt ki disponib nan 190 lang
  • Jèn ki genyen douz (12) lane yo oubyen ki genyen plis laj yo kapab jwenn sèvis sante seksyèl ak sèvis sante pouvwa fè pitit anprive nan Youth Health Centers (Sant Sante pou Jèn)

Ki moun ki kalifye

Tout fanm ki abite NCY yo, san yo pa gade sou si yo kapab peye, kapab jwenn èd nan sant NYC Health + Hospitals.


Kouman pou aplike

NYC Health + Hospitals genyen sant nan tout senk (5) katye yo. Itilize location finder a (lokalizatè pozisyon an) pou ou kapab jwenn yon sant ki pre ou epi rele pou ou kapab pran yon appointment (rendevou).


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Sante Pwogram yo

NYC Care

NYC Health + Hospitals (NYC H+H)

Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb

Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.

NYC 988

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal (Department of Health and Mental Hygiene, DOHMH) NYC

Pale, ekri mesaj, oubyen tchat pou w ka jwenn èd pou sante mantal

Sèvis sante mantal gratis ak prive nan konvèsasyon, tèks oswa tchat disponib nenpòt lè pou oumenm oswa yon moun ou gen sousi pou li.

Sèvis tretman pou pasyan ekstèn

Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (NYC Department of Health & Mental Hygiene, DOHMH)

Swen sante mantal pou jèn

Èd pou jèn ki genyen pwoblèm emosyonèl, ki genyen pwoblèm konpòtman, epi ki genyen pwoblèm sante mantal yo.

À August 9, 2021