Koupon pou ede kouvri frè sèvis gadri pou timoun ki gen 6 semèn jiska 13 lane yo.

Koupon pou Sèvis Gadri | NYC Administrasyon pou Sèvis Timoun

Gadri Tibebe Timoun Piti Timoun Laj Preskolè Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan Adolesan Gadyen

Koupon pou gadri yo ede peye frè pou gadri timoun ki gen apati 6 semèn jiska 13 lane yo. Yo kouvri timoun ki gen jiska 19 lane epi ki gen andikap yo tou. Santèn founisè kay ak sant ki baze Nouyòk aksepte bay timoun yo koupon pou bon jan swen an sekirite e nan yon anviwonman pozitif kote li ap aprann.

  • Koupon yo kouvri kèk oswa tout frè sèvis gadri timoun ou an. Pifò fanmi oblije peye yon pati nan frè an selon revni ak valè moun ki gen nan fanmi yo an. Koupon ou an pral kouvri tout frè yo si ou:
    • se yon fanmi k ap resevwa èd asistans lajan kach
    • se yon.fanmi ki gen pwoblèm kote pou rete (sanzabri)
    • se yon paran adoptif
  • Ou ka itilize yon koupon pou peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl ki apwouve tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.
  • Pitit ou an kapab kòmanse yon pwogram sèvis gadri nenpòt lè pandan ane a.
  • Kalifikasyon chita sou revni fanmi w, valè moun ki nan fanmi an, ak lòt bezwen yo.
  • Paran yo pa oblije se sitwayen ameriken yo ye. Sepandan, timoun lan k ap resevwa swen an dwe sitwayen ameriken, yon resòtisan ameriken, oswa ou genyen yon estati imigrasyon ki rezonab?
  • Disponibilite koupon yo depann sou finansman

Ki moun ki kalifye

Gen posiblite pou kalifye pou yon koupon si moun lakay ou benefisye Èd Lajan Kach oswa si yo se sanzabri Ou kapab kalifye tou si revni moun nan kay la egal oubyen pi piti pase kantite sa yo:

Kantite moun ki nan fanmi an Revni pa mwa Revni pa ane
2 $6,156 $73.869.56
3 $7,604 $91,250.63
4 $9,053 $108,631.70
5 $10,501 $126,012.77
6 $11,949 $143,393.84
7 $12,221 $146,652.80
8 $12,493 $149,911.75
9 $12,764 $153,170.70
10 $13,036 $156,429.65
11 $13,307 $159,688.60
12 $13,579 $162,947.55
13 $13,851 $166,206.50
14 $14,122 $169,465.45
15 $14,394 $172,724.40
16 $14,665 $175,983.35
17 $14,937 $179,242.31
18 $15,208 $182,501.26

Ou ap bezwen genyen tou youn nan “rezon pou swen” sa yo:

  • Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
  • Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
  • Ou ap chache travay
  • Ou ap viv nan yon lojman tanporè (aksè priyorite)
  • W ap swiv sèvis pou vyolans domestik.
  • Ou sou tretman pou toksikomani (abi sibstans)

Kouman pou aplike

W ap jwenn opsyon pou w aplike yo la:

  • Aplike anliy pandan w ap itilize MyCity app.
  • Voye aplikasyon ou an pa lapòs
    1. Telechaje epi konplete fòm aplikasyon an.
    2. Voye fòm ou an konplè ak dokiman yo pa lapòs:
      Timoun nan vil New York (NYC) – EDU
      PO Box 40, Maplewood, NJ 07040
  • Si ou fè pati youn nan gwoup sa yo, gade enstriksyon espesyal sa yo pou aplike pou koupon gadri:
    • Se yon fanmi ki gen pwoblèm kote pou rete
    • Se yon fanmi ki ap oswa t ap resevwa Èd Lajan Kach
    • Se yon fanmi ki resevwa sèvis byennèt timoun
    • Yon paran akèy ki ap travay

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Gadri Pwogram yo

NYC Child Care Connect (NYC CCC)

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal (Department of Health and Mental Hygiene, DOHMH) Vil New York

Jwenn yon pwogram gadri ki gen lisans

Se yon resous sou entènèt ki la pou ede w rete enfòme de pwogram gadri yo nan kominote ou a.

Tibebe ak Timoun Piti

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.

Living for the Young Family Through Education (Lavi pou Jèn Fanmi yo Atravè Edikasyon)

NYC Department of Education/District 79 (Depatman Edikasyon NYC/Distri Eskolè 79)

Edikasyon timoun piti gratis pou pitit paran-elèv yo

Paran-elèv yo ka jwenn edikasyon timoun piti gratis pou pitit yo ki gen 6 semèn pou rive 4 lane.

À October 29, 2024