Pwogram fòmasyon ak èd pou timoun ak granmoun

Cornerstone Programs (pwogram Cornerstone) | Depatman Jenn ak Devlopman Kominotè Vil New York (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)

Anrichisman Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan Adolesan Jenn Granmoun Gadyen

Cornerstone Programs (pwogram Cornerstone) ofri rezidan NYCHA yo opòtinite pou yo amize yo, pou yo aprann, epi pou yo jwenn èd. Pwogram yo sitiye nan Sant Kominotè NYCHA yo nan nan tout senk (5) awondisman yo.

  • Pwogram yo gratis epi yo disponib ni pou timoun ni pou granmoun.
  • Pwogram nòmal pou timoun ak pou granmoun yo gen ladan:
    • Diplòm Edikasyon Jeneral (GED) ak kou Angle pou Moun ki Pale Lòt Lang (ESOL)
    • Preparasyon pou lekòl segondè ak kolèj
    • Atizay Kreyatif ak Espektak
    • Devlopman Mendèv ak referans
    • Atelye sou relasyon fanmi
    • Aktivite kiltirèl ak divètisman
    • Atelye sou viv an sante
    • Konpetans sou Wòl Paran
    • Aksè nan òdinatè ak Fòmasyon
    • Fòmasyon pou lokatè ak defans
  • Yo fè enskripsyon pou pwogram dete chak avril.
  • Enskripsyon pou pwogram ane akademik pou timoun ki genyen laj pou yo ale lekòl elemanè yo ap fèt ant oktòb ak sektanm.

Ki moun ki kalifye

Pwogram Cornerstone yo disponib pou rezidan NYCHA ki nan laj pou yo ale lekòl matènèl yo oubyen ki gen plis laj toujou yo.


Kouman pou aplike

Aplike sou Entènèt nan Discover DYCD. Ou ka enskri nan plizyè pwogram ak yon sèl aplikasyon. Fason ou kapab kòmanse:

  1. Ale sou sitwèb esploratè DYCD a.
  2. Seleksyone “Sèvis Kominotè” epi klike sou “Rechèch”.
  3. Tape “Cornerstone” nan bwat “Keyword Search” la.
  4. Antwondisman ou an, epi klike sou ”Search” pou ou kapab jwre kòd postal zòn ou an, non katye ou a, oubyen non aenn pwogram ki nan zòn ou an.

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Anrichisman Pwogram yo

STEM Matters nan NYC

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Pwogram STEM pandan vakans

STEM Matters nan NYC ofri yon pil pwogram STEM ki enteresan, pratik pou elèv matènèl yo rive nan klas douzyèm ane yo pandan vakans prentan ak ete.

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.

Lekòl ki pa NYC

Depatman Lajenès & Devlopman Kolektivite NYC (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv lekòl mwayen yo

SONYC ofri divès kalite aktivite, ansanm ak aktivite sou lidèchip, aktivite sou Science Technology Engineering and Math, STEM (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik), aktivite sou alfabetizasyon, aktivite sou èd akademik, aktivite sou espò, aktivite sou travay atis, ak aktivite sou plis bagay toujou.

À February 1, 2022