Youth Leadership Councils, YLCs (Komite Jèn Lidè NYC) pèmèt jèn yo abòde politik ak pratik ki fè enpak sou lavi moun New York yo. Ajans vil yo, lekòl yo, ak òganizasyon kominotè yo òganize YLCs. Yo bay jèn yo lè sèvis kominotè, yon aktivite ki pèmèt yo konprann kòman vil la fonksyone, epi ki pèmèt yo vin genyen konpetans pwofesyonèl ak konpetans pèsonèl.
- Li disponib nan chak minisipalite Vil New York pou jèn ki gen 14 rive 21 lane
- Li ofri jèn opòtinite pou yo travay nan tèt kole ak granmoun yo
- Ou pa bezwen gen okenn eksperyans deja nan zafè lidèchip
- Manm YLC yo kreye solisyon pou pwoblèm ki enpòtan pou yo, tankou:
- Fè pledwaye pou sipò ak resous sante mantal
- Fè prevansyon vyolans ki fèt ak zam nan kominote yo
- Enfliyanse dirabilite anviwònmantal nan tout vil la
- Ankouraje rejim alimantè ki fòtifyan ak mòdvi ki bon pou lasante
- Itilize atizay kòm yon zouti pou fè aksyon sosyal
- Ak plis toujou!
- Jwenn repons pou kesyon moun poze souvan yo
Ki moun ki kalifye
Yon jèn kalifye pou li aplike pou YLCs si:
- Li genyen ant 14 ak 21 lane
- Li enskri nan yon lekòl segondè oubyen li enskri nan yon pwogram high school equivalent, HSE (Ekivalans Etid Segondè).
Kouman pou aplike
Aplike sou entènèt sou Generation NYC.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb Youth Leadership Council (Komite Jèn Lidè) a pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou
- Voye yon mesaj bay NYC Service (Sèvis NYC) si ou genyen kesyon sou pwogram sa
- Ale sou sitwèb Generation NYC a pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou esperyans manm YLC yo
Lòt Anrichisman Pwogram yo
Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)
Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)
Pwogram apre lekòl pou elèv yo
COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.
Cornerstone Programs (pwogram Cornerstone)
Depatman Jenn ak Devlopman Kominotè Vil New York (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)
Pwogram fòmasyon ak èd pou timoun ak granmoun
Pwogram ni pou timoun ni pou granmoun yo òganize nan sant kominotè lojman leta pandan tout ane a.
STEM Matters nan NYC
Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)
Pwogram STEM pandan vakans
STEM Matters nan NYC ofri yon pil pwogram STEM ki enteresan, pratik pou elèv matènèl yo rive nan klas douzyèm ane yo pandan vakans prentan ak ete.
À January 24, 2022