Fair Fares NYC ede rezidan New York ki gen ti revni yo ekonomize 50% nan transpò piblik tankou, pri kous ki elijib yo, ak deplasman nan transpò adapte Access-A-Ride yo.
- Opsyon pou metwo ak bis yo gen ladan kat Pay-Per-Ride, Kous Ilimite 7-Day (Pa Semèn), ak 30-Day (Pa Mwa).
- Yo aplike rabè kliyan Access-A-Ride yo dirèkteman nan kous Access-A-Ride yo depi kont Fair Fares ak kont Access-A-Ride yo konekte.
- Ou ta dwe resevwa yon kat Metro Fair Fares NYC nan adrès lapòs ou nan twa semèn apre yo fin aksepte aplikasyon w lan.
Ki moun ki kalifye
Ou kapab kalifye si ou anmezi pou ou reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske w ap viv nan vil Nouyòk?
- Èske w gen 18-64 an?
- Eske ou gen yon revni mwayen oubyen li pi ba ke montan sa yo?
Kantite moun ki nan fanmi an | Revni pa ane | Revni pa mwa | Revni pa semèn |
1 | $14,580 | $1,215 | $280 |
2 | $19,720 | $1,643 | $379 |
3 | $24,860 | $2,072 | $478 |
4 | $30,000 | $2,500 | $577 |
5 | $35,140 | $2,928 | $676 |
6 | $40,280 | $3,357 | $774 |
7 | $45,420 | $3,785 | $873 |
8 | $50,560 | $4,213 | $972 |
Pou chak moun anplis, ajoute: | $5,140 | $428 | $99 |
Ki sa ou bezwen pou aplike
W ap bezwen dokiman ki pwouve idantite w, laj ou, rezidans ou ak revni w. Gade Lis Dokiman Fair Fares NYC Sigjere yo.
Kouman pou aplike
- Aplike sou entènèt nan nyc.gov/fairfares epi telechaje aplikasyon mobil ACCESS HRA a pou kapab mete dokiman nesesè yo.
- Aplike an pèsòn nan yon biwo Fair Fares NYC.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb Fair Fares la pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram nan.
- Rele 311 si ou bezwen èd oswa si ou gen nenpòt kesyon konsènan pwogram Fair Fares NYC an.
Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo
Affordable Connectivity Program (ACP)
Komisyon Federal pou Kominikasyon (Federal Communications Commission, FCC)
Rabè chak mwa sou sèvis entènèt
Jwenn yon rabè chak mwa jiska $30 sou sèvis entènèt epi jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè.
Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)
Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)
Sèvis preparasyon taks gratis
Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022.
Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal)
Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York
Lajan Kach pandan yon ijans
Èd finansyè pou moun ki pa kapab fè yon depans akòz yon sitiyasyon oswa yon evènman enprevi.
À January 31, 2023