Sèvis Pansyon Alimantè Timoun

Biwo Sèvis pou Sipò Timoun (OCSS) | Administrasyon Resous Imèn (HRA) Vil New York

Sèvis pou Fanmi Gadyen

Biwo Sèvis Soutyen pou Timoun (Office of Child Support Services, OCSS) fè timoun yo priyorite nan ede manman, papa ak gadyen nan ouvri ak jere dosye pansyon alimantè pou timoun. Yon timoun ka jwenn sipò timoun jiska laj 21 lane menm si lòt paran an pa patisipe nan lavi timoun nan. Paran k ap peye pansayon alimantè pou timoun nan ka jwenn èd pou pèmèt yo jwenn travay epi pou yo jere dèt pansyon alimantè pou timoun nan. Lòt sèvis disponib tou.

Biwo Sèvis pou Sipò Timoun

  • Ou pa bezwen pou ou yon sitwayen pou w jwenn sèvis sa a. Yo pa pral poze w kesyon konsènan estati migratwa w.
  • Pwogram sa a pa ede ak gad timoun oswa vizit men li ka gide ou nan sèvis ki fè sa, tankou medyasyon.
  • Chache fason pou w jwenn yon òdonans sou pansyon alimantè menm si lòt paran an pa gen kòb pou l peye l pou kounye a. Yo ka ede yo pou yo jwenn travay epi yo ka kalifye pou pwoteksyon finansye.
  • Paran ki an reta sou peman sipò timoun yo ka kalifye pou yon pwogram pou diminye dèt yo.
    • Paran ki p ap viv ak timoun lan kapab konekte ak sèvis travay yo si yo nan chomaj oswa si yo pa gen ase travay tou.
    • Evite frè kat kredi siplemantè: fè pèman pou pansyon alimantè pou timoun sou aplikasyon ACCESS HRA Child Support mobile la pito olye ou fè l sou sit wèb NYS Child Support la.
  • Si w se paran k ap viv ak timoun nan ki aplike pou jwenn oubyen ki jwenn asistans sou fòm lajan kach nan non pitit ou a - lè w pa reponn avi sou pansyon alimantè pou timoun ou an oubyen lè w pèdi yon randevou sou pansyon alimantè pou timoun sa ka fè:
    • Avantaj èd lajan kach ou a redui a 25%
    • Pèt pwoteksyon Medicaid pou tèt ou.
    • Pèt elijibilite pou kèk pwogram asistans lokasyon.
  • Modifikasyon Òdonans yo atravè antant (Modifying Orders through Stipulation, MOTS) se yon pwogram ki ka redui amann yon pansyon alimantè pou timoun sou baz revni tou de paran yo.
    • MOTS itilize menm rekòmandasyon ak Tribinal ki okipe zafè Fanmi an. Answit yo revize kontra a nan Tribinal ki okipe zafè Fanmi an avèk pati ki prezan yo.
    • Se toujou apre yon odyans yo bay yon òdonans ki modifye.
  • Pou jwenn èd, tanpri rele nimewo telefòn ki nan avi randevou w la oswa voye yon imèl bay OCSS nan [email protected].

Ki moun ki kalifye

Pou ou kalifye pou sèvis sipò timoun, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w se yon paran selibatè oswa responsab legal yon timoun ki poko gen 21 lane?
  2. Èske ou responsab yon fason prensipal pou lavi chak jou timoun nan?

Ki sa ou bezwen pou aplike

Lè w ale nan entèvyou w la, w ap bezwen mache ak dokiman sa yo:

  • Aplikasyon ki fin ranpli w la
  • Batistè pitit ou a
  • Yon foto resan lòt paran an itil men li pa obligatwa

Kouman pou aplike

Enskri pou Sèvis Sipò Timoun

  • Enskri sou Entènèt pandan w ap itilize Aplikasyon NYC Child Support – ACCESS HRA lan.
    • Telechaje aplikasyon an gratis sou App Store (Apple) ak Google Play (Android) an Anglè, Panyòl, Koreyen, Arab, Ris, Chinwa Tradisyonèl, ak Fransè.
    • Si ou deja genyen yon kont ACCESS HRA pou SNAP, Èd Lajan Kach, oswa Medicaid, ou ka itilize menm enfòmasyon yo pou konekte.
  • Voye fòm enskripsyon an nan lapòs.
    • Ranpli fòm enskripsyon sipò timoun nan pandan w ap telechaje fòm nan oswa mande pou yo voye yon kopi lakay ou nan lapòs. Poste fòm nan bay:
      Biwo Sèvis pou Sipò Timoun
      PO Box 830
      Canal Street Station
      New York, NY 10013
  • Si w ap aplike oswa w ap resevwa èd lajan kach oswa èd medikal, ou bezwen pase yon entèvyou nan Biwo Minisipalite OCSS la pou ouvri yon.
  • Bay kantite enfòmasyon ou kapab sou lòt paran timoun nan. Egzanp yo gen ladan yo dat nesans, nimewo Sekirite Sosyal, adrès, ak non patwon yo. Yon foto itil tou.

Kòman ou kapab jwenn èd

  • Ale sou sit entènèt Sèvis Sipò Timoun lan pou jwenn plis enfòmasyon sou sèvis ki disponib yo.
  • Vizite Sant Sèvis san Randevou pou Kliyan OCSS (OCSS Customer Service Walk-in Center) la oswa biwo OCSS Family Court nan minisipalite w la pou ou jwenn èd an pèsòn.
    Sant Sèvis Kliyan San Randevou (Customer Service Walk-In Center)
    151 West Broadway, 4th Floor (nan mitan Worth ak Thomas Streets) New York, NY 10013
    Lendi – vandredi, 8:00 am – 6:00 pm (sof jou ferye)
  • Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Liy Èd pou Sipò Timoun lan nan 888-208-4485 (oswa 866-875-9975 si ou gen pwoblèm pou tande).
  • Tout biwo OCSS yo ouvè. Sepandan, akòz pandemi an, OCSS ankouraje kliyan yo voye imèl nan [email protected] pou mande sèvis kliyan an yon randevou nan telefòn oswa jwenn yon repons nan imèl.
    • Tanpri bay non ou, nimewo dosye Sipò Timoun lan, yon deskripsyon enkyetid ou a (yo), nimewo telefòn, ak pi bon moman yo ka jwenn ou. Ekri “Requesting a Customer Service Appointment” (Mande yon Randevou Sèvis Kliyan) nan liy sijè imèl ou an.
  • Pou enfòmasyon sou gad timoun ak vizit, ale sou sit entènèt Family Court lan.

Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo

ActionNYC

Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo

Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo

Jwenn èd jiridik pou imigrasyon gratis. Rankontre avèk yon avoka imigrasyon nan kominote w la sou opsyon ou yo.

Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP)

Depatman Sante Eta Nouyòk

Sèvis planin familyal konfidansyèl

Sèvis planin familyal gratis ak konfidansyèl pou adolesan, fanm, gason.

Sant Jistis Familyal yo (FJCs)

Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks

Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks

Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.

À October 30, 2023